Se sak fè fyète n fyè ke kwè n se black
Pou libète n te kanpe gade nou pa t fè bak
E chak jou nan vi nou gade n vle pran on lòt etap
1 n vle enpoze n fè sonje kiyès nou ye
2 n vle dekwoche e kase kòn ki mare n
3 santiman nou k ap gide nou
Nou kon kote n sòti e n gon kote nou vle ale tou.
An nou met vwa nou ansanm pou nou chante
Yon jou kanmenm gade sa gen pou chanje
Chak vye moman nan lavi fò w kanpe rèd
Pa okipe sa k ap di ke nou se nèg
Depi lè w te fèt fò w konnen byen w son militan
Se met tèt an plas pou kapab pran bon desizyon
Yow m soti Ayiti, sou tè sa'm fèt
Bleu et rouge la se de sa'm fyè
Jè'n yo avè'n nap fè yo fyè de sa'n fè
Nou ba yo limyè lè'n klere
(Ayiti)nou pral montre se pat sal te ye
So Chak son m, chak rimes, chak projet
chak muzik nap montre'w vrè fòs peyi'n nan chak sa'n kreye
N' ba yo rèv Pou lot nasyon ka ba yo glwa
Ansanm nou kanpe poun ba yo dwa yo
Sak paka pale Nou ba yo vwa
Nou gon peyi poun sove sak vle bare'n nap ba yo Bwaaaa
Se pa gade selman gade pou gade
Fòk ou leve fè afè pou yo gade'w tou.
Добавил: Frol4ic